thumb do blog Evèk Edir Macedo
thumb do blog Evèk Edir Macedo

PREPARE POU OU DEFINI LAVI OU...

Gade meditasyon sa pou jounen jodia...

Sa ki mete nou nan kondisyon pou nou resevwa Delivrans lan se aplikasyon ak obeyisans pawòl Bondye a. Se sa ki rele gen konfyans nan Bondye epi se konsa li ka fè nou gras. Sepandan, favè Bondye a se pa otorizasyon pou nou viv nan peche kòm si Bondye tolere oswa pa okipe sa. Nan jounen jodia, nou wè jan moun yo defòme bon doktrin nan an favè lavi erè yon viv la. Kidonk, apòt Pòl ki te viv menm sitiyasyon avèk legliz ki nan  lavil Wòm nan te ban nou yon bon anseyeman kote nou pral antre fon nan sijè sa a.

Koulye a, paske nou gen konfyans nan Bondye, Bondye fè nou gras, n’ap viv san kè sote ak Bondye, gremesi Jezikri, Seyè nou an. Women 5:1

Nan kondisyon sa a, kisa n’a di? Eske nou mèt kontinye ap viv toujou nan peche pou favè Bondye a ka vin pi plis toujou? Women 6:1

imagem do author
Contributeurs

Evèk Edir Macedo