Poukisa sa ou di ka lavi pou ou, oswa ka lanmò pou ou?
Gade meditasyon sa pou jounen jodi a...
« 3 Veye pawòl ki soti nan bouch ou, w’a pwoteje lavi ou. Moun k’ap prese louvri bouch yo pale ap detwi pwòp tèt yo. » (Pwovèb 13:3)
« 21 Sa ou di ka lavi pou ou, li ka lanmò pou ou. Sa ou chwazi, se sa w’ap jwenn. » (Pwovèb 18:21)
« 36 M’ap di nou sa: Jou jijman an, moun gen pou rann kont pou tout pawòl yo di yo pa t’ bezwen di. 37 Paske, se dapre pawòl ou y’a jije ou: Se pawòl ou k’ap di si ou inonsan, osinon si ou koupab. » (Matye 12:36-37)
« 20 Men, paske ou pa kwè pawòl mwen yo ki gen pou rive nan tan yo, ou pral vin bèbè, ou p’ap ka pale jouk jou bagay sa yo va rive. » (Lik 1:20)
« 63 Se lespri a ki bay lavi, kò a pa vo anyen. Pawòl mwen di nou yo soti nan Lespri Bondye, yo bay lavi. » (Jan 6:63)