thumb do blog Evèk Edir Macedo
thumb do blog Evèk Edir Macedo

PI GWO MECHANSTE A

Ni menm pèp payen yo pat konn fè sa pou dye yo a...

Imagem de capa - PI GWO MECHANSTE A

Pawòl Bondye a di sa:

Lòt nasyon yo pa janm chanje bondye yo, malgre se pa t’ bondye tout bon yo te ye. Men, pèp mwen an te pito zidòl ki pa ka fè anyen pou yo pase mwen menm, Bondye ki te fè bèl bagay pou yo a. Jeremi 2:11-13

Bondye te rele solèy la ak zetwal yo kòm temwen sou tout mechanste pèp li a tap fè li.

Moun abandone laglwa ki se sèvi Bondye Tre Wo a, meprize jan li trete yo tankou pitit san yo pa merite anyen se yon bagay fou, san sans, sa se yon absid e pa gen bagay parèy.

Nòmalman, moun yo chanje sa yo genyen pou yon bagay ki pi enpòtan. Sètadi, chanje laglwa Bondye a pou laglwa mond lan se menm bagay ou konsidere Bondye pi piti pase sa mond lan kapab ofri ba ou. Sa se pi gwo imilyasyon yo ka fè Bondye pase, epi konsa, yo meprize kiyès li ye.

Yo pat meprize nenpòt bagay, yo te meprize laglwa Senyè a. Ni menm lòt nasyon pat konn fè sa ak zidòl yo a, malgre nou konnen yo pat itil anyen. Sa vle di, pèp Izrayèl la te chanje Bondye pou yon bagay ki ka peri ak san okenn valè.

Sa k te pase avèk pèp Izrayèl la, nan pase a, se sa kap pase nan jounen jodia kote ke nou wè kèk manm, ouvriye, pastè ak evèk ap tonbe nan fil pèlen Satan epi yo ap fè bagay ke ni menm moun enkredil, moun ki pa kwayan yo pat janm fè nan lavi yo.

Kijan moun nan kapab chanje Bondye Vivan an pou sa ki fo ak tanporè avèk konsyans nan sa yo fè a? Lè yon moun se pa moun espirityèl, men yon senp moun ki gen relijyon ak sèlman frekante legliz ak pat janm fè okenn esperyans avèk Bondye, vreman li kapab chanje Bondye ki se sous kap bay lavi a pou sous san dlo ki genyen sèlman labou ladan li. Yo gen kouraj pou kite Bondye pou yon bagay ki pa ka fè yo anyen.

Sa se yon foli! Moun kite bwe dlo kap bay lavi a pou bwè sa ki sal ki kapab touye yo! Jiska syèl la pa ka pa sezi devan gwo foli sa.

Se pou Bondye avèk mizerikòd enfini li an ka delivre nou anba tout fil pèlen Dyab epi se pou li konsève nou fèm jiska lafen.