thumb do blog Evèk Edir Macedo
thumb do blog Evèk Edir Macedo

PELÈN KI KACHE DEYÈ OPÒTINITE KI OFRI BA OU FASILITE

Gade meditasyon sa pou jounen jodia...

Gen 2 kalite lafwa. Youn se lafwa natirèl ki deja fèt avèk tout moun. Lafwa sa a se lafwa ki fè ou plante paske ou konnen ou va rekòlte, li fè ou travay paske ou konnen ke nan lafen mwa a ou ap resevwa salè a, li fè fanm lan kwè depi 9 mwa pitit la va fèt, li fè ou antre nan yon avyon ak kè poze paske ou gen nan tèt ou soti ak rive kote ou vle rive a. An jeneral, li depann sou sikonstans yo, sou emosyon, nan lòt sans, li depann sou sa ki natirèl. Nan lòt bò a, nou gen lafwa sinatirèl ki se yon bon jan lafwa ki fè nou wè sa ki nan pawòl Bondye a reyalize nan nou. Li pa depann sou sikonstans, li pa baze sou emosyon, li fè sevo nou an travay pou nou, li fè nou aji avèk entelijans epi li genyen pawòl Bondye a kòm baz, li se yon bon jan kalite lafwa ki egzije sakrifis afenke ou ka wè sa ki sinatirèl reyalize. Ann aprann plis sou sa nan videyo a…

Moun ki anvi tout toujou ap prese pou yo rich. Yo pa wè grangou k’ap tann yo pi devan. Pwovèb 28:22

imagem do author
Contributeurs

Evèk Edir Macedo