thumb do blog Evèk Edir Macedo
thumb do blog Evèk Edir Macedo

Pawòl BonDye a se pwofetik, li gen lavi epi li bay lavi

Gade meditasyon sa pou jounen jodi a...

« 63 Se lespri a ki bay lavi, kò a pa vo anyen. Pawòl mwen di nou yo soti nan Lespri Bondye, yo bay lavi. » (Jan 6:63)

« 38 Moun ki mete konfyans yo nan mwen, y’ap wè gwo kouran dlo k’ap bay lavi koule soti nan kè yo, jan sa ekri nan Liv la. » (Jan 7:38)

« 26 Moun k’ap viv, epi ki mete konfyans yo nan mwen, yo p’ap janm mouri. Eske ou kwè sa? » (Jan 11:26)

« 12 Pawòl Bondye a gen lavi, li gen pouvwa. Li pi file pase kouto de bò. Li koupe jouk li jwenn kote nanm ak lespri moun fè yonn, jouk kote vyann ak mwèl zo kontre. Li jije tout santiman ak tout lide ki nan kè moun. » (Ebre 4:12)

imagem do author
Contributeurs

Evèk Edir Macedo