thumb do blog Evèk Edir Macedo
thumb do blog Evèk Edir Macedo

PAWÒL BONDYE A PAP TOUNEN VIN JWENN LI SAN OKENN REZILTA

Gade meditasyon sa pou jounen jodia...

Fòk nou veye sou yon bagay: Tou sa ki nan pawòl Bondye a va reyalize. Kidonk, si nou vle, nou ka sèvi ak pawòl la pou aji lafwa nou epi lap ban nou tout sa nou vle:

Konsa tou pou pawòl ki soti nan bouch mwen: li p’ap tounen vin jwenn mwen san li pa fè sa m’ te vle l’ fè a, san li pa fè tou sa mwen te voye l’ fè a. Ezayi 55:11

Se egzakteman sa ke nou dwe veyatif, paske se pa tout sa nou vle a ki bon pou nou. Pa egzanp, paran timoun yo pa ba li tout sa li vle paske sa ap ba yo yon gwo tèt chaje nan lavni. Sepandan, paran ki entelijan yo ap ba li sèlman sa li bezwen epi yo va satisfè nesesite timoun yo nan moman pou yo fè sa. Lè sa a, nou ka konkli ak sa Senyè Jezi te di:

Pa chaje tèt nou ak yon bann keksyon: Kisa n’ pral manje? Kisa n’ pral bwè? Kisa n’ pral mete sou nou? Tout bagay sa yo, se moun lòt nasyon yo k’ap kouri dèyè yo tout tan. Men nou menm, nou gen yon Papa nan syèl la ki konnen nou bezwen tout bagay sa yo. Pito nou chache bay bagay peyi Wa ki nan syèl la premye plas nan lavi nou, chache viv jan Bondye vle l’ la anvan. Lè sa a, Bondye va ban nou tout lòt bagay sa yo tou. Matye 6:31-33

Nan lòt sans, bat pou ou konnen ki sa ki volonte Bondye pou lavi ou, paske se konsa ke ou ap byen mennen lavi ou, menm si ou antre nan yon dezè, li va fè ou chape, paske ou ap mache dapre prensip volonte li.

PA PASE SAN OU GADE VIDEYO KI ANLÈ A POU NOU APRANN PLIS…

imagem do author
Contributeurs

Evèk Edir Macedo