thumb do blog Evèk Edir Macedo
thumb do blog Evèk Edir Macedo

OU PRAN NAN PÈLEN SATAN

Gade meditasyon sa pou jounen jodia...

Mwen kwè antanke timoun anpil moun te fè esperyans nan rakbwa kote ke ou te eseye pran zwazo nan pèlen. Ou kenbe yon panyen, leve yon pati  adwat oswa agòch panyèn an epi ou apiye li avèk yon ti baton mare avèk yon fil pou l te ka pemèt ou rale l depi yon kote ou tap kache, men anvan ou fè sa,  ou mete yon bon ti manje pou atire atansyon zwazo pou l vini nan pèlen an. Akòz manje a, ti zwazo inyore tout lòt bagay ki antoure manje a, kidonk li wè yon gwo opòtinite pou manje manje fasil. Lè sa a, lè l rann kont sou sa k te pase avè l la, li ta tonbe ak pap ka chape pou anyen. Sètadi, li pran nan pèlen! Se nan menm fason Dyab travay nan tan lontan, sa se menm fason li konn travay jodia. Ann komanse pale jodi a sou kèk pyèj Satan renmen itilize pou fè moun ki sèvi Bondye tonbe ladan li…

Se li menm ki p’ap kite ou pran nan pèlen, ki p’ap kite maladi ki pou touye ou tonbe sou ou. Sòm 91:3

imagem do author
Contributeurs

Evèk Edir Macedo