OU MÈT MANDE SA OU VLE. MEN...
Gade meditasyon sa pou jounen jodia...
Depi ou se yon moun ki fè yon sèl avèk Senyè Jezi a ak kenbe pawòl li andan ou, ou mèt mande li sa ou vle epi atravè lafwa, paske pa mwayen li tout bagay posib, sètadi pou onore aksyon lafwa ou, l a ba ou li. Sepandan, ou pa ka bliye tout sa ou mande li a, se ou menm ki va rekolte swa yon bagay ki bon pou ou swa yon bagay ki va fè ou mal. Se poutèt sa, yon bagay entelijan anpil se ou fè demann annakò ak VOLONTE BONDYE A, sa vle di, ou ankadre sa ou vle ak sa Bondye vle pou ou a epi ou gen kondisyon pou ou fè sèlman lè ou dispoze baze tout plan ak demann ou yo sou pawòl Bondye a. Ann fè yon ti chita pale sou sa…
Si nou yonn ak mwen, si nou kenbe pawòl mwen yo nan kè nou, nou mèt mande sa nou vle, y’a ban nou li. Jan 15:7
Angle
Pòtigè
Panyòl
Franse
Italyen
Ris