thumb do blog Evèk Edir Macedo
thumb do blog Evèk Edir Macedo

OBEYI PAWÒL BONDYE A SE YON SAKRIFIS KI FÈ LI PLEZI

Gade meditasyon sa pou jounen jodia...

Ann li tèks sa avèk anpil atansyon:

Konsa, moun ki tande pawòl mwen fenk sot di a, epi ki fè sa mwen mande li fè a, l’ap tankou yon moun lespri ki bati kay li sou wòch. Lapli tonbe, dlo desann, gwo van soufle sou kay la ak tout fòs. Kay la pa tonbe, paske yo te moute fondasyon kay la sou wòch. Men, moun ki tande pawòl mwen fenk sot di a, epi ki pa fè sa mwen mande li fè a, l’ap tankou yon moun fou ki bati kay li sou sab. Lapli tonbe, dlo desann, gwo van soufle sou kay la ak tout fòs: kay la tonbe, li fini nèt ale. Matye 7:24-27

Nou pa bezwen pale anpil sou li pou ou ka konprann paske bagay la klè kou dlo kokoye: Si ou obeyi pawòl la, se kòm si ou bati kay ki se lavi ou sou wòch la ki se Senyè Jezi epi ou va kenbe fèm epi anyen pa fè ou tonbe. Nan lòt bò a, si ou se yon moun ki tande, se pa ti kras moun ki tande pawòl Bondye nan jounen jodi a, sepandan ou pa aplike li, ou se yon moun emosyonèl ki kite prensip kè ou kondwi lavi ou, sa se kòm ou bati lavi ou sou sab la, pa konsekans ou va fini mal. An reyalite, se konsa, si ou kwè, ou va tande, ou va obeyi. Si ou pa obeyi se paske ou tande, men ou pa kwè.

ANN GADE VIDEYO KI ANLÈ A POU NOU ANTRE FON NAN SIJÈ A…

 

imagem do author
Contributeurs

Evèk Edir Macedo