Nou rekòlte jodi a dapre sa nou te simen yè, epitou n'ap rekòlte demen dapre sa nou simen jodi a...
Gade meditasyon sa pou jounen jodi a...
Galasyen 6:7-8
« 7 Pa twonpe tèt nou. Moun pa ka pase Bondye nan betiz. Sa yon moun simen, se sa li va rekòlte.
8 Moun ki simen sa ki fè kò l’ plezi, li gen pou l’ rekòlte lanmò. Men, moun ki simen sa ki fè Lespri Bondye a plezi, Lespri a va fè l’ rekòlte lavi ki p’ap janm fini an. »
Romen 6:16
« Nou konn sa byen: Si nou lage tèt nou nan men yon moun pou nou sèvi l’ esklav pou n’ obeyi l’, nou tounen esklav moun n’ap obeyi a. Si nou lage kò nou nan peche, nou tounen esklav peche k’ap fè nou jwenn ak lanmò. Men, si nou lage kò nou nan obeyi Bondye, n’a esklav obeyisans k’ap fè nou mache dwat devan Bondye. »
Angle
Pòtigè
Panyòl
Franse
Italyen
Ris