Nou menm ki leve soti vivan ak Kris la nan lanmò, se pou nou chache bagay ki anwo nan syèl la...
Gade meditasyon sa pou jounen jodi a...
Kolosyen 3:1-3
« 1 Nou menm ki deja leve soti vivan ansanm ak Kris la nan lanmò, se pou nou chache bagay ki anwo nan syèl la kote Kris la chita sou bò dwat Bondye.
2 Pa kite bagay ki sou latè pran tèt nou, mete lide nou sou bagay ki anwo nan syèl la.
3 Konnen sa byen: nou mouri deja, lavi nou kache ansanm ak Kris la nan Bondye. »
Jan 3:5-6
« 5 Jezi reponn li: Sa m’ap di ou la a, se vre wi: Pesonn pa ka antre nan Peyi kote Bondye Wa a si li pa fèt nan dlo ak nan Sentespri.
6 Lachè soti nan lachè, lespri soti nan Lespri Bondye. »
Romen 8:9
« Pou nou menm, nou p’ap viv dapre egzijans kò nou ankò, men dapre egzijans Lespri Bondye a, paske Lespri Bondye a nan nou. Si yon moun pa gen Lespri Kris la nan li, li pa pou Kris la. »
Angle
Pòtigè
Panyòl
Franse
Italyen
Ris