thumb do blog Evèk Edir Macedo
thumb do blog Evèk Edir Macedo

NOU KITE JAN OU TE RENMEN M ANVAN

Gade meditasyon sa pou jounen jodia...

Ann sipoze ou se zanj (responsab legliz) ki te nan lavil Efèz la epi JEZI TE DIRIJE OU LAPAWÒL ap di ou: M felisite ou pou tout sa ou fè nan aktivite yo ak travay legliz la. Ou travay di, ou gen anpil pasyans ak pèseverans nan sa ou fè a, ou pa ka sipote mechan yo, ou sonde tout moun kap pran pòz apòt (pwofèt, pastè, ouvriye, diak, dirijan, evèk, sevitè, etc.) yo, ou konnen pami yo sa ki mantò e sa ki pa mantò, ou soufri anpil poutèt ou pote non Senyè a, ou pa jan dekouraje. Enbyen ok!

Sepandan, men m gen nan kontinyasyon, kèsyon sa yo: ÈSKE OU RENMEN M JAN OU TE RENMEN M ANVAN? ÈSKE OU KONSÈVE PREMYE LANMOU ANDAN TÈT OU? ÈSKE OU SONJE JAN OU TE AJI AK RENMEN DEVAN MWEN LÈ OU TE RANKONTRE M? Ann antre fon nan sijè a…

Men, men repwòch mwen gen pou m’ fè ou: Koulye a ou pa renmen m’ jan ou te renmen m’ anvan an.

Apokalips 2:4

imagem do author
Contributeurs

Evèk Edir Macedo