NANM VIVAN x NANM KI BAY LAVI
Gade meditasyon sa pou jounen jodia...
Tout kreyasyon Bondye te resevwa lavi pou yo viv sou latè a, zanimo, bèt nan savann, zwazo, pwason ak lezòm. Sepandan, Senyè Jezi a te vini sou latè pou delivre nanm lezòm ki se yon bagay ki pa gen pri. Men li pa fè sa otomatikman, sòf si yon moun asepte swiv ak obeyi komandman Bondye yo se konsa li gen pou li delivre. Kidonk, li kite genyen sèlman lavi sou li pou viv sou latè a pou li tounen vini lespri ki bay lavi afenke li ka resevwa garanti pou li antre nan kote Bondye wa a. Nan videyo a nou pral antre fon nan sije a pou ou gen plis konpreyansyon ak disènman sou sa ki genyen yon gwo anseyeman ladan li.
« Se nan sans sa a yo te ekri: Bondye te kreye premye nonm lan, Adan, ak yon kò ki gen lavi. Men, dènye Adan an, se yon lespri ki bay lavi. Se pa kò ki soti nan Lespri a ki te vin an premye. Se kò ki fèt ak labou a ki te la anvan, kò ki soti nan Lespri a vin apre. Premye Adan an, Bondye te fè l’ ak pousyè tè. Men, dezyèm Adan an, li menm se nan syèl li soti. Tout moun ki pou latè, yo sanble ak moun ki te fèt ak tè a. Tout moun ki pou syèl la, yo sanble ak moun ki soti nan syèl la. Menm jan nou te sanble ak moun ki te fèt ak tè a, konsa tou nou gen pou n’ sanble ak moun ki soti nan syèl la. Men sa mwen vle di, frè m’ yo: Tou sa ki fèt ak vyann epi ak san pa gen plas pou yo nan Peyi kote Bondye wa a. Sa ki fèt pou pouri a pa ka resevwa pouvwa pou l’ pa janm pouri. »
1Korent 15:45-50
Angle
Pòtigè
Panyòl
Franse
Italyen
Ris