thumb do blog Evèk Edir Macedo
thumb do blog Evèk Edir Macedo

NANM NAN PAP JANM MOURI...

Gade meditasyon sa pou jounen jodia...

Tout moun gen nesesite nan lavi yo, bagay ki enpòtan pou nou viv sou latè tankou kay, lajan, fanmi, zanmi, sante, bote, etc. Sepandan, okenn bagay sa yo ap la pou toutan. Yo gen tan limit oswa lavi nou yo ap fini pi bonè oswa pita e tout sa nou konkèk va rete bò isi a. Men gen yon bagay nan nou ki la pou toutan, li pap janm mouri ki se nanm nan. Lè sa a, nou wè moun mete tout fòs yo pou tout bagay ki gen tan limit sou  latè kote ke yo ap kite sa ki gen plis valè pa deyè. Gen atitid sa, fè anpil moun tonbe nan depresyon, sa vle di, yo komanse wè yon ti piti nan sa ki lanfè a ye, men bò isi a e malerezman atitid sa yo ka fè yo tonbe ladan li pou toutan. Ann aprann nan meditasyon pou jounen jodia, sa nou ka fè pou Bondye pa gade nou kòm moun egare dapre sa ki ekri nan vesè ki anba a.

« Li di yo parabòl sa a tou: Vwala, se te yon nonm rich ki te gen yon tè ki te rapòte l’ anpil. Li t’ap di nan kè li: Kisa pou m’ fè? Mwen pa gen plas pou m’ sere rekòt mwen yo. Apre sa li di: Bon. Men sa m’ap fè; m’ap kraze depo m’ yo, m’ap bati lòt pi gwo pou m’ mete tout rekòt mwen yo ak tout lòt byen mwen yo. Apre sa, m’a di tèt mwen: Monchè, ou gen anpil byen an depò pou plizyè lanne. Pa fatige kò ou ankò. Manje, bwè, pran plezi ou. Men, Bondye di li: Egare! Aswè a menm yo pral mande ou nanm ou. Tou sa ou te sere yo, pou ki moun y’a ye? Jezi di yo ankò: Se konsa sa ye tou pou moun k’ap ranmase byen pou tèt pa l’ men ki pa rich devan Bondye. »

Lik 12:16-21

imagem do author
Contributeurs

Evèk Edir Macedo