NAN MITAN PIKAN YO...
Se sa ke map gade rive plizyè pastè e madam pas...
Gade sa bib la di:
Gen lòt ankò ki resevwa pawòl la tankou grenn ki tonbe nan mitan pikan. Yo tande pawòl la, men traka lavi ak anvi gen lajan, tou sa toufe pawòl la, kifè yo pa ka bay anyen menm. Matye 13:22
Gen divès pastè ak madam pas. e sa ap pase avèk plizyè moun ki travay pou Bondye, yo pemèt traka lavi ak anvi gen lajan toufe pawòl Bondye a, pawòl yo te semen depi komansman andan tèt yo.
Dyab la se « sediktè mond lan ». Li te tonbe desann nan syèl la epi li la sou latè ap fè demach li ki se sedwi moun yo. Si li te eseye fè sa avèk Senyè Jezi, èske ou panse li pa ta fè sa avèk yon evèk, pastè, madam pas. ouvriye, dirijan, kèlkeswa moun kap travay pou Bondye?
Satan mennen Jezi ankò sou yon mòn ki byen wo. Li moutre l’ tout peyi ki sou latè ansanm ak tout riches yo. Li di l’ konsa: M’ap ba ou tout bagay sa yo, si ou mete ou ajenou devan m’ pou ou adore m’. Matye 4:8-9
Dyab la fè sa espesyalman nan lavi moun ki pa veyatif epi yo tonbe nan pelèn Satan paske yo ap kouri deyè kras ofri pa Mamon ki se dye lajan an. Se pou rezon sa a, nou bezwen atantif paske tout moman nanm nou an ap kouri risk devan tout bagay sa yo.
…poukisa tout tan m’ap riske lavi mwen konsa? 1 Korent 15:30
Nou ka relaks sèlman lè nanm nou an dekole sou kò a epi nou jwenn Senyè nou an, Jezikris. Tandiske sa pap rive, nou bezwen goumen, veye, jou apre jou kont « sediktè mond lan » ki eseye atravè sa nou santi, gade, panse, pale ak tande, fè nou pèdi delivrans nou te resevwa nan Jezi.
Se poutèt sa, pawòl nou te tande depi nan konmansman an, kenbe li nan kè nou. Si nou kenbe sa nou te tande depi nan konmansman an nan kè nou, n’ap toujou fè yonn ak Papa a ansanm ak Pitit la. Men sa Jezikri te pwomèt l’ap ban nou an: se lavi ki p’ap janm fini an. 1 Jan 2:24-25
Angle
Pòtigè
Panyòl
Franse
Italyen
Ris