Nan Dimanch sa a n'ap goute Pawòl BonDye a pou nou kraze tout sa ki mal ki kanpe kont lavi nou
Gade meditasyon sa pou jounen jodi a...
« 23 Seyè a di Moyiz: – Pa gen bagay mwen vle fè mwen pa ka fè! Talè konsa w’a wè si sa m’ di a p’ap rive vre. » (Nonb 11:23)
« 5 Sonde tèt nou nou menm, egzaminen konsyans nou byen pou wè si n’ap viv ak konfyans nan Bondye. Nou fèt pou nou rekonèt si Jezikri nan kè nou, esepte si nou pa ta kapab bay prèv nou gen konfyans nan Bondye. » (II Korentyen 13:5)
« 8 Goute, n’a wè jan Seyè a bon! Ala bon sa bon pou moun ki jwenn pwoteksyon anba zèl li! » (Sòm 34:8) « 1 Mezanmi, nou pa bezwen kwè tout moun k’ap di yo gen Lespri Bondye a. Men, se pou n’ sonde yo pou nou wè si lespri yo genyen an soti nan Bondye vre. Paske, gen yon bann fo pwofèt ki gaye toupatou sou latè a. » (I Jan 4:1)
Angle
Pòtigè
Panyòl
Franse
Italyen
Ris