thumb do blog Evèk Edir Macedo
thumb do blog Evèk Edir Macedo

MWEN WETE NOU ANBA POUVWA LEMONN

Gade meditasyon sa pou jounen jodia...

Lavi yon moun ki resevwa batèm nan Sentespri a dwe yon lavi diferansye pa rapò avèk lavi moun ki viv dapre prensip lemonn:

Nou konnen depi yon moun pitit Bondye, li p’ap kontinye ap viv nan peche toujou. Paske, Pitit Bondye a ap veye sou li, Satan pa ka fè l’ anyen. Nou konnen nou se moun Bondye. Men, tou sa ki sou latè anba pouvwa Satan. 1Jan 5:18-19

Lè ou gen konesans sou sa, fò ou konprann ke mond lan pa vle wè ou byen deskè ou asepte Jezi epi ou pran desizyon pou swiv deyè li:

Si nou te moun lemonn, lemonn ta renmen nou, paske nou ta pou li. Men, mwen chwazi nou, mwen wete nou anba pouvwa lemonn. Se poutèt sa lemonn rayi nou: nou pa moun lemonn ankò. Jan 15:19

Lemonn pa renmen ou se pa yon pwoblèm deskè ou gen lanmou Bondye. Si ou renmen li epi ou obeyi li ak tout kè ou, ou pa ka bay kò ou traka pou anyen.

ANN GADE VIDEYO KI ANLÈ A POU NOU ANTRE FON OSIJÈ SA…

imagem do author
Contributeurs

Evèk Edir Macedo