thumb do blog Evèk Edir Macedo
thumb do blog Evèk Edir Macedo

MWEN PRAL MENNEN L' NAN DEZÈ A EPI MWEN PRAL PALE DOUS AVÈ L'...

Gade meditasyon sa pou jounen jodi a...

Oze 2:11-14: « 11 Mwen pral fè l’ sispann gen kè kontan. Mwen pral sispann tout fèt li yo, fèt lalin nouvèl li yo, fèt repo l’ yo ak gwo fèt li fete chak lanne yo. 12 Kanta jaden rezen ak pye fig frans li yo, li di se nonm li yo ki te ba li yo. Enben, m’ap ravaje sa. M’ap fè yo tounen raje, bèt nan bwa va devore yo. 13 Mwen pral pini l’ pou tout tan li te bliye m’ lan, lè li t’ap boule lansan devan Baal yo, lè li t’ap mete zanno ak kolye pou l’ te ka kouri dèyè nonm li yo. Se Seyè a menm ki di sa. 14 Se poutèt sa, mwen pral mennen l’ nan dezè a ankò. Mwen pral pale dous avè l’, pou l’ ka tounen vin jwenn mwen. » Jan 10:10: « 10 Lè vòlè a vini, se vòlò li vin vòlò, se touye li vin touye, se detwi li vin detwi, se sa ase li vin fè. Mwen menm, mwen vin pou moun ka gen lavi, epi pou yo genyen l’ an kantite. » Jan 16:33: « 33 Mwen pale konsa pou nou kapab gen kè poze nan mwen. Nou gen pou n’ soufri anpil sou latè. Men, pran kouraj, lemonn deja pèdi devan mwen. »

imagem do author
Contributeurs

Evèk Macedo