Mwen menm, avèk konfyans, m'ap tann BonDye k'ap vin pou delivre m' lan...
Gade meditasyon sa pou jounen jodi a...
Miche 7:6-7
« 6 Lè sa a, pitit gason p’ap gen respè pou papa yo. Pitit fi ap kenbe tèt ak manman yo. Bèlfi ap fè kont ak bèlmè yo. Pi gwo lènmi ou se va pwòp moun k’ap viv nan kò kay ou.
7 Men, se Seyè a ki tout mwen. Avèk konfyans, m’ap tann Bondye k’ap vin pou delivre m’ lan. Wi, Bondye mwen an ap tande m’! »
Matye 11:28-30
« 28 Vini jwenn mwen, nou tout ki bouke, nou tout ki anba chay, m’a soulaje nou.
29 Pran jouk mwen, mete l’ sou zepòl nou. Pran leson nan men mwen. Paske mwen dou, mwen toujou soumèt mwen tout bon devan Bondye. Konsa, n’a viv ak kè poze.
30 Paske, jouk m’ap ban nou an fasil pou pote, chay m’ap ban nou an pa lou. »
Angle
Pòtigè
Panyòl
Franse
Italyen
Ris