Moun ki vle sèvi sa ki dwat, gen pou mache dapre sa ki dwat anvan...
Gade meditasyon sa pou jounen jodi a...
Matye 5:1-3,10-12
« 1 Lè Jezi wè foul moun yo, li moute sou yon mòn. Li chita. Disip li yo pwoche bò kote l’.
2 Li tanmen moutre moun yo anpil bagay. Li di yo:
3 Benediksyon pou moun ki konnen se pòv yo ye devan Bondye, paske peyi Wa ki nan syèl la, se pou yo li ye.
10 Benediksyon pou moun ki anba pèsekisyon lè y’ap fè sa Bondye mande, paske peyi Wa ki nan syèl la, se pou yo li ye.
11 Benediksyon pou nou lè moun va joure nou, lè y’a pèsekite nou, lè y’a fè tout kalite manti sou nou paske se moun pa m’ nou ye.
12 Fè kè nou kontan. Wi, nou mèt kontan nèt, paske yon gwo rekonpans ap tann nou nan syèl la. Se konsa yo te pèsekite pwofèt ki te vini anvan nou yo. »
Angle
Pòtigè
Panyòl
Franse
Italyen
Ris