MOUN KI TE RESEVWA SENTESPRI A PA GEN ANYEN AK LEMONN SA
Gade meditasyon sa pou jounen jodia...
Lè nou sèvi Bondye tout bon, sa a mete nou apa ak separa nan lemonn. Se sa ki fè:
Si moun k’ap viv dapre prensip lemonn yo rayi nou, pa bliye yo te rayi m’ anvan yo te rayi nou. Si nou te moun lemonn, lemonn ta renmen nou, paske nou ta pou li. Men, mwen chwazi nou, mwen wete nou anba pouvwa lemonn. Se poutèt sa lemonn rayi nou: nou pa moun lemonn ankò. Jan 15:18-19
Dèske ou se yon moun apa ak chwazi pou Bondye, epi ou rekonèt nesesite pou resevwa Batèm nan Sentespri a, fò ou pa kite emosyon twonpe tèt ou. Pale langaj se pa pou lòt rezon ki fotifye tèt ou devan Senyè a. Tout moun ki resevwa Batèm nan Sentespri a kapab pale langaj nan menm moman yo resevwa l oswa apre, men se pa tout moun ki pale langaj ki reyèlman se moun ki resevwa batèm nan Sentespri a.
Moun k’ap pale langaj, se konfyans pa l’ ase l’ap bay fòs. Men, moun k’ap bay mesaj ki soti nan Bondye yo, se konfyans tout legliz la l’ap bay fòs. 1 Korent 14:4
Donk, nou mèt gade anba sa ki reyèlman konpòtman yon moun plen ak Lespri Bondye a donnen:
Pa renmen lemonn, ni anyen ki soti nan lemonn. Si yon moun renmen lemonn, li pa gen renmen pou Papa a nan kè li. Bagay ki soti nan lemonn se egzijans lachè, se gwo tanta, se lògèy k’ap vire tèt moun lè yo gen anpil byen sou latè. Tou sa pa soti nan Papa a. Se nan lemonn sa soti. 1 Jan 2:15
ANN GADE VIDEYO KI ANLÈ A POU NOU KA APRANN PLIS…
Angle
Pòtigè
Panyòl
Franse
Italyen
Ris