Moun ki ta vle sove lavi l’ va pèdi li; Men, moun ki va pèdi lavi l’ poutèt mwen, li va sove li
Gade meditasyon sa pou jounen jodi a...
« 34 Lè sa a Jezi rele foul moun yo ansanm avèk disip li yo, li di yo konsa: – Si yon moun vle mache dèyè m’, se pou l’ bliye tèt li, se pou l’ chaje kwa l’ sou zepòl li epi swiv mwen. 35 Paske, moun ki ta vle sove lavi l’ va pèdi li. Men, moun ki va pèdi lavi l’ poutèt mwen ak bon nouvèl la, li va sove li. 36 Kisa sa ta sèvi yon moun pou li ta genyen lemonn antye si l’ pèdi lavi li? » (Mak 8:34-36)