MOUN KI RETE KACHE ANBA ZÈL BONDYE A
Gade meditasyon sa pou jounen jodia...
Sèjousi kote nou wè kalamite toupatou nan sosyete a, pandemi a ap fè ravaj nan tout peyi rich kou pòv, moun yo dezespere, yo pa konnen sa pou yo fè a epi nan tèt nou vini yon kesyon: Kote nou prale pou n chape ak jwenn pwoteksyon sou tout sa ki rive nan mond lan? Sa pou nou fè pa rapò ak tout bagay sa yo? Èske sa posib pou yon moun viv ak kè poze pami sitiyasyon degradan sa yo? Nan meditasyon sa a nou pral aprann ak resevwa repons pou tout demann sa yo.
« Moun ki chache pwoteksyon bò kote Bondye ki anwo nan syèl la, moun ki rete kache anba zèl Bondye ki gen tout pouvwa a ka di Seyè a: -Se ou ki tout defans mwen. Se ou ki tout pwoteksyon mwen. Ou se Bondye mwen. Se nan ou mwen mete tout konfyans mwen. »
Sòm 91:1-2
Angle
Pòtigè
Panyòl
Franse
Italyen
Ris