thumb do blog Evèk Edir Macedo
thumb do blog Evèk Edir Macedo

MOUN KI KWÈ x MOUN KI METE KONFYANS YO NAN SENYÈ

Gade meditasyon sa pou jounen jodia...

Moun kwè nan Senyè a ak moun mete konfyans yo nan li se prèske menm bagay nan bouch moun yo. Men, an reyalite, yo gen yon gwo diferans epi poutèt plizyè moun pa konprann sa, yo komanse byen ak Jezi, men yo bite nan mitan chemen an, yo jiska rive konkèt benediksyon materyèl epi pase kèk ti tan, nou wè yo manke nan konfyans yo nan Bondye. Gen kèk nan yo ki pèdi nan lavi a ak retounen nan labou kote yo te soti a e gen kèk lòt ki rete andan yon legliz ap twonpe tèt yo, yo panse yo cho nan lafwa, sepandan yo tyèd prèske pou mouri espirityèlman. Vin medite sou sa e aprann diferansye yo.

« Benediksyon pou moun ki mete konfyans yo nan Seyè a, wi, pou moun ki mete tout espwa yo nan li. L’ap tankou pyebwa yo plante bò larivyè, k’ap plonje rasin li nan dlo. Li pa pè anyen lè sezon chalè rive, paske fèy li yo ap toujou vèt. Te mèt gen yon lanne chechrès, sa pa fè l’ anyen, l’ap toujou donnen. »

Jeremi 17:7-8

imagem do author
Contributeurs

Evèk Edir Macedo