thumb do blog Evèk Edir Macedo
thumb do blog Evèk Edir Macedo

MOUN KI FÈT NAN SENTESPRI A x MOUN KI FÈT NAN LACHÈ

Gade meditasyon sa pou jounen jodia...

An jeneral, gen moun ki panse ke depi yo gen konesans biblik, otomatikman yo konnen Bondye. Atravè istwa Nikodèm nou ka wè posibilite nan yon moun ki gen konesans biblik, men yo pa konprann anyen sou Bondye. Poukisa? Paske pou yon moun konnen ak fè yon esperyans avèk Bondye li bezwen fèt yon dezyèm fwa ki se yon bagay ki mete tout moun nan menm nivo, sa vle di, pa depann sou nivo, sosyal, edikasyon, ras oswa konesans lekòl, sepandan, sa depann de nivo obeyisans ak aplikasyon pawòl Bondye nan lavi a. Ann medite sou sa, paske manke konpreyansyon nan sijè sa ki fè plizyè moun viv lavi de fristrasyon andan legliz.

« Jezi reponn li: Sa m’ap di ou la a, se vre wi: Pesonn pa kapab wè Pèyi kote Bondye Wa a si li pa fèt yon dezyèm fwa. Nikodèm di li: Ki jan yon nonm ki fin granmoun ka fèt yon dezyèm fwa? Li pa ka tounen nan vant manman l’, pou l’ fèt yon lòt fwa ankò. Jezi reponn li: Sa m’ap di ou la a, se vre wi: Pesonn pa ka antre nan Peyi kote Bondye Wa a si li pa fèt nan dlo ak nan Sentespri. Lachè soti nan lachè, lespri soti nan Lespri Bondye. »

Jan 3:3-6

imagem do author
Contributeurs

Evèk Edir Macedo