thumb do blog Evèk Edir Macedo
thumb do blog Evèk Edir Macedo

Moun ki fèt nan Sentespri a gen fwi, sètadi, ADN BonDye a

Gade meditasyon sa pou jounen jodi a...

« 1 Ann wè koulye a keksyon kado Sentespri bay la. Frè m’ yo, mwen ta vle nou konnen sa ki vre sou keksyon kado sa yo. » (I Korentyen 12:1)

« 7 Lespri Bondye a fè travay li yon jan nan lavi chak moun, men li fè l’ pou byen tout moun. 8 Lespri a bay yon moun don pou l’ pale avèk bon konprann. Menm Lespri a bay yon lòt moun don pou l’ pale avèk anpil konesans. 9 Se menm Lespri a ki bay yon moun lafwa, se li menm tou ki bay yon lòt don pou l’ geri moun malad. 10 Lespri a bay yon moun don pou fè mirak, li bay yon lòt don pou l’ bay mesaj ki soti nan Bondye. Li bay yon lòt ankò don pou l’ rekonèt travay move lespri yo ak travay Lespri Bondye a. Li bay yon moun don pou l’ ka pale langaj, li bay yon lòt don pou l’ ka esplike sa pawòl langaj la vle di. 11 Men, se yon sèl Lespri a ki fè tou sa. Li bay chak moun yon kado diferan jan li vle. » (I Korentyen 12:7-11)

imagem do author
Contributeurs

Evèk Edir Macedo