thumb do blog Evèk Edir Macedo
thumb do blog Evèk Edir Macedo

Mòn Siyon se kote BonDye te chwazi pou Li toujou pran repo...

Gade meditasyon sa pou jounen jodi a...

Sòm 132:13-14
« 13 Seyè a te chwazi mòn Siyon, se la li vle bati kay li.
14 Se la mwen chwazi pou m’ toujou pran repo, se la m’ap rete, paske se sa mwen vle. »

Ezayi 8:18
« Men mwen ansanm ak tout pitit Seyè a ban mwen yo! Seyè ki gen tout pouvwa a, li menm ki rete sou mòn Siyon an, li fè nou tounen yon siy nan mitan pèp la pou nou moutre sa ki pral rive. »

Ezayi 28:16
« Se poutèt sa, koulye a, men sa Seyè a di: Gade! Se mwen menm menm k’ap mete yon fondasyon byen fèm, byen solid nan lavil Siyon an. Nan kwen fondasyon an, m’ap mete yon gwo wòch pyè byen chita. Sou li m’ap make: moun ki gen konfyans nan Bondye p’ap janm gen kè sote. »

Ebre 12:22-24
« 22 Okontrè, nou pwoche bò kot Mòn Siyon an, bò kot lavil Bondye vivan an, ki vle di: Jerizalèm ki nan syèl la ansanm ak tout kantite zanj li yo.
23 Nou pwoche kote tout premye pitit Bondye yo sanble ak kè kontan, yo menm ki gen non yo ekri nan Liv ki nan syèl la. Nou pwoche bò kot Bondye ki gen pou jije tout moun lan, kote lespri moun ki fin bon nèt yo ye a.
24 Nou pwoche bò kot Jezikri, moun ki ranje nouvo kontra a, bò kote san ki koule a, yon san ki pale nou pi byen pase san Abèl la. »

imagem do author
Autor

Evèk Macedo