MIZERIKÒD BONDYE A ENFINI
Gade meditasyon sa pou jounen jodia...
Nan sans mizerikòd Bondye e jan yon moun ki tonbe ka leve kanpe ankò, nou ka jwenn yon bon egzanp nan sa ki te pase ak Wa David, nan yon moman nan lavi l kote li pat veyatif, malgre li te yon moun Bondye te chwazi l, li tonbe lèd nan peche. Sepandan, sa ki te fè li jwenn mizerikòd la se ke nou wè nan konfisyon li an ke li pa pran okenn moun kòm responsab pou sa li te fè. Nan tout moman ou ka wè li rekonesan ak sa li te fè olye li chache mete lòt moun responsab pou fòt li te fè:
Gen pitye pou mwen, Bondye. Jan ou gen bon kè sa a! Tanpri, efase tou sa mwen fè ki mal, paske ou gen kè sansib. Lave m’, foubi m’ pou wete fòt mwen fè a. Netwaye m’ pou efase peche m’ lan. Sòm 51:1-2
Sa se rezon poukisa plizyè moun pa jwenn padon ak mizerikòd Bondye epi yo retounen nan labou ankò, paske yo gen yon santiman ke peche yo te fè yo se pa fòt yo, nan lòt sans, yo pa rekonèt ke malgre li te soufri enflyans lòt moun oswa bagay, men se li menm ki te chwazi fè sa yo te fè.
Konsa, si nou vle rejwi nan mizerikòd Bondye a, nou bezwen gen senserite, rekonèt ak gen lafwa pou pèdi nan mond lan pou nou genyen ak Bondye.
Ann gade videyo ki anlè a pou nou aprann plis osijè sa…
Angle
Pòtigè
Panyòl
Franse
Italyen
Ris