MIWA VANITE A
Ki bote ki agreyab nan je Bondye?
Bondye te di Moyiz pou pale avèk fanm yo mande vwazen ejipsyèn yo bijou fèt an lò, ajan e rad, paske Bondye pat vle kite pèp la soti avèk men devan, ak men deyè, sa vle di, san anyen. Kidonk, pèp li a soti avèk gwo richès.
Sepandan, Bondye te bay yo richès sa yo pat pou yo vante sou yo, men pou yo te ka sèvi Bondye.
Seyè a pale ak Moyiz, li di l’: Pale ak moun Izrayèl yo. Di yo pote yon ofrann ban mwen. W’a resevwa l’ pou mwen nan men tout moun ki vle bay ak kè kontan. Men ofrann pou ou resevwa nan men yo: lò, ajan ak kwiv, bon twal koulè violèt, ble ak wouj, twal fen blan, twal fèt ak pwal kabrit, po belye tenn koulè wouj ak po bazann, bwa zakasya, lwil pou gwo lanp sèt branch lan, epis santi bon pou mete nan lansan an ak nan lwil yo sèvi pou mete moun apa pou sèvis Bondye a, pyè oniks ak lòt pyè pou gani jile ak plastwon granprèt la. y’a mete yon kote apa pou mwen pou m’ ka vin rete nan mitan yo. Egzòd 25:1-8
Pami ofrann volontè sa yo te genyen miwa fèt an kwiv kote medam ki te al sèvi Bondye te konn itilize li nan pòt Tant Randevou a epi yo te ofri volontèman miwa sa yo bay Senyè a (Egzòd 38:8).
Sa ki tre enteresan se ke objè sa yo ke yo te konn sèvi ak yo pou vanite bote medam, kounye a yo ap sèvi ak yo kòm entriman ki fè pati nan netwayaj espirityèl anvan sakrifikatè yo antre nan Tant Randevou a – yo fon bagay sa yo epi yo te fè yon gwo basen an kwiv avèk yon pye an kwiv tou pou mete l’ chita kote prèt ak sakrifikatè yo lave men e pye yo anvan yo fè sakrifis pou Bondye.
Men, se pat tout medam ki te ofri miwa yo pou yo te ka fè sa: « Bezaleyel pran moso kwiv poli ki te sèvi glas pou medam k’ap sèvi nan pòt antre Tant Randevou a, li fè yon gwo basen an kwiv avèk yon pye an kwiv tou pou mete l’ chita » (Egzod 38:8). Sa vle di, moun ki te ofri yo se te medam kap sèvi nan pòt antre Tant Randevou a, poukisa? Paske objektif miwa sa yo se pou yo te ka wè ki jan yo tapral prezante devan Senyè a, non jan yo tapral prezante devan sosyete a epi m kwè ke medam sa yo te konprann sa.
Nou ka konkli ke fanm ki valorize vanite nan bote li yo pa sèvi Bondye ditou, men yo konn sèvi pwòp tèt yo pou atire je lòt moun pou yo. Yo ase okipe avèk pwòp aparans epi, nan sans sa a, sa te ka minimize travay yo tap fè pou Senyè a, paske olye yo sèvi Bondye e pèp la, tankou Senye Jezi te fè lè li te lave pye disip li yo, yo tap pèdi tan ak gade jan bote yo ye nan miwa.
Lè bib la pale sou bote kèk fanm tankou Sara, Rebeka, Estè, Abigayil ak plizyè lòt, yo pat pale sèlman sou bote fizik la, men se yon pakèt atribi oswa pwopriyete ak kalite yo genyen ki te fè yo bèl anpil.
Pa egzanp:
Sara te konn byen akeyi moun yo, li te bèl epi li te konn rele Abraram kòm « Mèt mwen » , nan lòt sans, li te gen soumisyon.
Rebeka te yon bon sèvant (Li te sèvi yon moun etranje epi li te bay dlo pou chamo li yo), li te yon moun enb, ki te gen diskresyon ( li te montre sa lè li te kouvri figi l nan moman li te wè Izarak depi lwen).
Estè te yon moun senp ( Li te tande bon konsèy Tonton li ak lòt moun te bay li yo), li te yon bon moun ki te riske pwòp lavi li pou delivre lòt moun parèy li yo.
Abigayil te imilite, li te gen bon sans, bon konprann, sajès, kouraj, li te travayè, li te konnen ki jan fè yon moun viv ak kè poze avèk lòt.
Lè bib la fè referans sou fanm sa yo ak anpil lòt, li pa janm di yo mès, gwo, ba, bèl tayè, bèl koulè, je, etc. Olye de sa, li pale sou bon jan karaktè yo ki se bagay ki pi enpòtan pase sa ki deyò a.
Angle
Pòtigè
Panyòl
Franse
Italyen
Ris