MÈT LA AK SEVITÈ LI YO
Gade meditasyon sa pou jounen jodia...
Nan tan lontan, alepòk ki te genyen yon relasyon mèt ak sevitè yo, te gen kèk sevitè ki sitèlman fidèl ak mèt li a ke lè li mouri, sevitè sa a pat vle sèvi okenn lòt moun nan lavi l. Se poutèt sa, li te konn pran yon desizyon sevè antanke biza pou nan jounen jodia ki se antre vivan nan tonm lan, sètadi, li deside yo antere l ansanm avèk mèt la, nan espwa pou li kontinye sèvi l nan lavi etenèl. Sa se yon bagay konplètman san sans pou nou sèjousi, sepandan, depi nou konprann sa ki te pase nan kèk kilti lontan, nou ka resevwa limyè nan tèt nou pa rapò ak esplikasyon apòt Pòl te bay sou batèm nan dlo a. Ann eklere sa nan videyo a…
Non. Sa pa ka fèt. Poukisa? Paske annegad peche nou mouri. Ki jan pou n’ ta ka kontinye ap viv toujou nan peche? Eske nou pa konn sa: nou tout ki resevwa batèm pou n’ te fè yonn ak Jezikri, avèk batèm sa a nou te fè yonn avè l’ nan lanmò li. Se sak fè, avèk batèm nou an nou te antere ansanm avè l’, nou te mouri ansanm avè l’ tou. Men, menm jan Papa a te fè l’ leve soti nan lanmò avèk gwo fòs pouvwa li, konsa tou nou menm nou ka mennen yon lòt lavi.
Women 6:2-4
Angle
Pòtigè
Panyòl
Franse
Italyen
Ris