MENSAJ POU MOUN BONDYE CHWAZI YO
Gade meditasyon sa pou jounen jodia...
Se Bondye ki chwazi nou. Yon fwa ke li chwazi nou, sa va fè ou donnen donn pou ka konsève lafwa ou pou lavi ki pap janm fini an epi ou mèt mande Papa nou ki nan syèl la nenpòt kisa ou vle, nan non Jezi a epi L ap ban nou l. Men pa twonpe tèt ou, lemonn pap renmen ou pou sa, sa se egzakteman okontrè a, yo va rayi ou, pèsekite ou, fè ou mal, pale ou mal, etc. Sepandan, lè ou travèse tout bagay sa yo, fè kè ou kontan, paske premyeman sa konfime ou se yon moun chwazi epi Bondye renmen ou, dezyèmman sa montre ou se moun pou syèl la e pa pou lemonn epi an denyè nou pa viv anba pouvwa mond lan, nou pa viv dapre prensip lemonn, lavi nou se pou Senyè Jezi li ye. Ann gade videyo sa.
Se pa nou ki chwazi m’, se mwen menm ki chwazi nou, ki mete nou apa pou n’ ale, pou n’ ka donnen, pou donn nou ka konsève. Konsa, Papa a va ban nou nenpòt kisa n’a mande nan non mwen. Wi, men sa m’ mande nou: Se pou nou yonn renmen lòt. Si moun k’ap viv dapre prensip lemonn yo rayi nou, pa bliye yo te rayi m’ anvan yo te rayi nou. Si nou te moun lemonn, lemonn ta renmen nou, paske nou ta pou li. Men, mwen chwazi nou, mwen wete nou anba pouvwa lemonn. Se poutèt sa lemonn rayi nou: nou pa moun lemonn ankò. Jan 15:16-19
Angle
Pòtigè
Panyòl
Franse
Italyen
Ris