thumb do blog Evèk Edir Macedo
thumb do blog Evèk Edir Macedo

MENM SI…

Gade meditasyon sa pou jounen jodia...

Si gen yon bèl karakteristik nan yon moun ki resevwa Sentespri a sou li se ke li se yon moun ki gen rezistans. Menm si li te pèdi tout bagay, li pa ta enkyete sou sa, paske je li fikse sou sa kap vini nan lavi etenèl ak Senyè a. Se poutèt sa, nan  moman difisil n’ap travèse nan tout lemonn, pandan gen plizyè moun ki dezespere, yo panse lavi yo va fini mal, nou gen yon lame ki fò ak plen ak Lespri Bondye kap fè kè yo kontan poutèt Senyè a, paske li se tout fòs lavi yo. Ann fè yon ti meditasyon sou sa…

Pye fig frans yo te mèt pa donnen, pye rezen yo te mèt pa bay rezen, rekòt oliv yo te mèt pa bon, jaden yo te mèt pa bay manje, mouton yo te mèt mouri nan sèka yo, bèf yo te mèt mouri nan pak yo, mwen menm, m’ap toujou kontan poutèt Seyè a. M’ap fè fèt pou Bondye k’ap delivre m’ lan. Se Seyè a ki tout fòs mwen. Li asire pye m’ tankou pye kabrit. Li fè m’ mache sou mòn yo, san m’ pa tonbe.

Abakik 3:17-19

imagem do author
Contributeurs

Evèk Edir Macedo