Men sa ki vle di nonm ki bon ak nonm ki mechamln dapre je Sentespri a...
Gade meditasyon sa pou jounen jodi a...
Lik 6:45-49
« 45 Yon nonm ki bon, se bon bagay li rale soti nan kè li ki bon. Yon nonm ki mechan, se move bagay li rale soti nan kè li ki move. Paske, sak nan kè yon nonm, se sak soti nan bouch li.
46 Poukisa n’ap plede rele mwen: Mèt, Mèt, epi nou pa fè sa m’ di nou fè?
47 Moun ki vin jwenn mwen, ki tande pawòl mwen epi ki fè sa mwen di fè, men ki jan l’ap ye:
48 L’ap tankou yon nonm k’ap bati yon kay; li fouye tè a byen fon, li moute fondasyon kay la sou wòch. Dlo desann, lavalas frape kay la. Men, kay la pa brannen paske li te byen bati.
49 Men, moun ki tande pawòl mwen, ki pa fè sa mwen di fè, li tankou yon nonm ki bati yon kay ratè, san fondasyon. Lavalas frape kay la, yon sèl kou kay la tonbe, li kraze nèt. »
Angle
Pòtigè
Panyòl
Franse
Italyen
Ris