thumb do blog Evèk Edir Macedo
thumb do blog Evèk Edir Macedo

MANDE MÈT JADEN AN POU LI VOYE TRAVAYÈ

Gade meditasyon sa pou jounen jodia...

Depi ou resevwa Batèm nan Sentespri a, tèlman yon gwo kontantman antre andan tèt ou paske ou resevwa Lide Kris la andan ou ke ou panse nan yon sèl bagay: genyen nanm pou Bondye. Se konsa, ou pa bezwen se yon pastè oswa yon moun ki gen tit nan legliz la pou ou genyen nanm pou wayòm Bondye a. Kèlkeswa kote ou ye, pami fanmi ou yo, nan travay, nan lekòl, nan lari, nan legliz, etc. Bondye ap ba ou yon chans pou ou montre jan li te bon avèk ou. KIdonk, nan lòt bò a, li deja pare moun ki deyò a kap espere ou menm ki resevwa So Bondye sou ou pou pataje avèk yo lavi ou te resevwa. yo se moun ki swaf dlo kap bay lavi a, ki bouke lavi sa a kòm yon bon tè kap espere semans pou l te ka donnen.

Lè Jezi wè tout bann moun sa yo, kè l’ fè l’ mal pou yo paske li wè yo te bouke, yo te dekouraje, tankou yon bann mouton san gadò. Lè sa a, li di disip li yo: Rekòt la anpil, men manke travayè pou ranmase l’. Mande mèt jaden an pou li voye travayè nan jaden l’ lan. Matye 9:36-38

Nou priye Bondye sa, epi li jwenn ou e mete So li sou ou, kounye a se pou ou fè menm bagay la tou pou lòt moun ki pèdi nan chemen an.

ANN GADE VIDEYO KI ANLÈ A POU BONDYE EKLESI SA POU OU…

imagem do author
Contributeurs

Evèk Edir Macedo