thumb do blog Evèk Edir Macedo
thumb do blog Evèk Edir Macedo

MADICHON KI TONBE SOU MOUN KI PA FÈ KONFYANS NAN BONDYE

Gade meditasyon sa pou jounen jodia...

Gen yon madichon ki tonbe sou moun ki pa fè konfyans nan Bondye. Bondye se Lanmou, Li se Bondye ki gen mizerikòd, pasyans ak konpasyon. Sepandan, Li fè kòlè epi kòlè sa a te gentan tonbe sou kèk moun e li pral tonbe sou plizyè moun nan lavni osi. Vin konnen sou sijè a afenke ou pap ka tounen yon moun ki va tonbe anba kòlè li…

« Men sa Seyè a di ankò: -Madichon pou moun ki vire do ban mwen pou mete konfyans yo nan moun parèy yo, pou konte sou sa moun ap fè pou yo. Y’ap tankou yon ti pyebwa nan dezè k’ap pouse nan yon tè sèk, san dlo, nan yon tè sale kote pèsonn pa rete. Yo p’ap janm wè zafè yo mache byen. Benediksyon pou moun ki mete konfyans yo nan Seyè a, wi, pou moun ki mete tout espwa yo nan li. L’ap tankou pyebwa yo plante bò larivyè, k’ap plonje rasin li nan dlo. Li pa pè anyen lè sezon chalè rive, paske fèy li yo ap toujou vèt. Te mèt gen yon lanne chechrès, sa pa fè l’ anyen, l’ap toujou donnen. » 

Jeremi 17:5-8