M' poko janm jwenn yon moun ki gen konfyans nan BonDye konsa, pa menm nan pèp Izrayèl la...
Gade meditasyon sa pou jounen jodi a...
Lik 7:6-9
« 6 Jezi ale avè yo. Li te rive toupre kay la lè kaptenn lan voye kèk zanmi di l’ konsa: Mèt, pa bay kò ou tout traka sa a. Mwen pa merite pou ou antre lakay mwen.
7 Se poutèt sa mwen pa t’ kwè m’ ase bon pou m’ te vin jwenn ou, mwen menm. Annik di yon mo, domestik mwen an va geri.
8 Mwen menm, mwen sou zòd chèf, mwen gen sòlda sou zòd mwen tou. Lè m’ di yonn: Ale! li ale. Lè m’ di yon lòt: Vini! li vini. Lè m’ di domestik mwen an: Fè sa! li fè li.
9 Lè Jezi tande pawòl sa yo, li vin gen yon gwo admirasyon pou kaptenn lan. Li vire bò foul moun ki t’ap swiv li a, li di yo: M’ap di nou sa: Mwen poko janm jwenn yon moun ki gen konfyans nan Bondye konsa, pa menm nan pèp Izrayèl la. »
Ebre 11:6
« Nou konnen pesonn pa ka fè Bondye plezi si li pa gen konfyans nan Bondye. Moun ki vle pwoche bò kot Bondye, se pou yo kwè gen yon Bondye, yon Bondye k’ap rekonpanse tout moun k’ap chache li. »
Angle
Pòtigè
Panyòl
Franse
Italyen
Ris