LIDE KRIS LA OPOZE AK TOUT SA KI SOTI NAN LIDE DIAB LA
Gade meditasyon sa pou jounen jodia...
Yon bagay fòk nou konnen se ke Lide Kris la opoze tout sa ki nan lide dyab la. Jezi te ban nou yon bèl tès pou nou ka konnen ak fè yon evalyansyon si ou resevwa Lide Kris la oswa lide dyab la. Se sa ki fè, si sa ki anba yo se bagay ki fè pati nan lavi ou, sa mete ou nan kondisyon pou ou pa gen Lespri Senyè a ki se Lide Kris la:
Li di yo ankò: -Sa ki soti nan kè yon nonm, se sa ki mete l’ nan kondisyon pou l’ pa ka fè sèvis Bondye. Se nan kè yon moun, se anndan li tout move lide soti: lide fè ou fè tout move bagay, li fè ou vòlè, li fè ou touye moun; li fè ou fè adiltè, li fè ou renmen lajan. Li rann ou mechan, fentè, li lage ou nan libètenaj, li ba ou gwo je, li fè ou pale moun mal, li fè ou gen lògèy, li rann ou fou. Tout move bagay sa yo, se nan kè moun sa soti, se yo ki mete yon moun nan kondisyon pou l’ pa ka fè sèvis Bondye. Mak 7:20-23
An reyalite, gen plis bagay ke sa ou wè a la kote nou ka jwenn nan kèk lòt vesè nan tèks Sakre a. Sepandan, pa gen espas nan tèt yon moun pou koule de kalite dlo amè e dous anmenmtan. Limyè a pa ka viv ansanm ak fenwa. Se konsa, lè nou resevwa Lide Kris la, sa vle di, batèm nan Sentespri a, li deplase tout sa ki soti nan fenwa ki andan tèt nou. Ki lide ki kondi lavi ou a? Ki lide ki dirije kè ou a? Se nan repons pou kesyon sa ou va konnen si ou resevwa Lespri Bondye a sou ou.
Ann gade videyo ki anlè a pou nou ka resevwa limè nan sijè sa…
Angle
Pòtigè
Panyòl
Franse
Italyen
Ris