thumb do blog Evèk Edir Macedo
thumb do blog Evèk Edir Macedo

LI TE CHWAZI EGZAKTEMAN MOUN YO TE REJTE A

Gade meditasyon sa pou jounen jodia...

Leya te pèdi manman li, li te kreye pa papa li ki meprize li paske li pat gen menm bote tankou sè li ki pi piti a, pa gen piyès moun ki te vle marye li, papa li, si nou te ka di sa, te vann li tankou yon objè pou yon mari ki pase gwo pati nan lavi ap rejte li, malgre Leya te renmen li anpil. Nou ka konkli ke lè tout moun rejte fanm sa a, Bondye te gen bon je pou li epi li te rekonpanse li nan fason ke li te ka fè pitit, youn ki te bay branch fanmi ki te sèvi Senyè a nan tabenak la e lòt la ki te ofri mond lan Sovè a, Senyè Jezi. Bondye te wè jan li te gen krentif pou li epi nou ka wè sa atravè non li te bay pou pitit li yo:

Lè Seyè a wè jan Jakòb pa t’ renmen Leya, li fè l’ fè pitit. Men, Rachèl pa t’ kapab fè pitit. Leya vin ansent, li fè yon pitit gason, li di: -Seyè a wè jan m’ap soufri. Koulye a, mari m’ va renmen m’. Se konsa li rele l’ Woubenn. Leya vin ansent ankò, li fè yon lòt gason. Li di: -Seyè a ban m’ yon lòt gason ankò, paske li wè jan mari m’ pa renmen m’ menm. Se konsa li rele l’ Simeyon. Li vin ansent yon twazyèm fwa, li fè yon lòt pitit gason ankò. Li di: -Fwa sa a, mari m’ pral rete avè m’ nèt paske mwen fè twa pitit gason pou li. Se konsa li rele l’ Levi. Apre sa, li vin ansent ankò, li fè yon lòt pitit gason. Li di: -Fwa sa a, m’ap fè lwanj Seyè a. Se konsa li rele l’ Jida. Apre sa, Leya sispann fè pitit. Jenèz 29:31-35

Si ou santi ou rejte ak meprize nan mond lan, ou gen yon moun ki bò kote ou pou retire ou nan sa ou ye a: Senyè Jezi ki te mouri ak vesè tout san li pou lanmou ou. Se sèl ou mete tout konfyans nan Senyè a, pran yon atitid vè li epi li ap rekonpanse ou tankou li te fè ak Leya.

Gade videyo ki anlè a epi Bondye gen plis pou pale avèk ou…

imagem do author
Contributeurs

Evèk Edir Macedo