thumb do blog Evèk Edir Macedo
thumb do blog Evèk Edir Macedo

LESPRI VERITE A x LESPRI MANSONJÈ A: KIYÈS NAN YO KI DIRIJE LAVI OU?

Gade meditasyon sa pou jounen jodia...

Si gen yon bagay klè kou dlo kokoye se sa: Yon moun ki vle resevwa Lespri verite a pa ka viv nan bay manti. Kijan Sentespri a ka viv nan menm kote ansanm avèk lespri dyab la ki se lespri mansonjè a? Li enposib. Se sa ki fè nou wè plizyè kretyen ki pran pòz yo plen ak Lespri Bondye a, yo konn pale langaj, yo fè jès yon moun plen ak pouvwa Bondye a, yo chante, danse, fè makak nan legliz, men, lavi yo se yon gwo manti, paske yo viv nan peche. Fòk nou konnen ke viv nan peche se pi gwo manti moun nan kap bay, paske si li konsidere tèt li kòm yon moun ki swiv verite a epi li viv nan sa ki pa fè Bondye plezi, ki sans genyen nan yon kalite lavi sa?

Men, li menm Lespri k’ap moutre verite a, lè la vini, la mennen nou nan tout verite a.  Jan 16:13

Si nou vle Sentespri a viv andan mwen, mwen bezwen rayi tout sa ki soti nan mond lan, tout sa ki gen rapò ak lespri mansonjè a, sa vle di, tout sa ki soti nan dyab la.

ANN APRANN PLIS SOU SA NAN VIDEYO KI ANLÈ A…

imagem do author
Contributeurs

Evèk Edir Macedo