thumb do blog Evèk Edir Macedo
thumb do blog Evèk Edir Macedo

LESPRI SENYÈ A DESANN SOU MOUN KI KWÈ

Gade meditasyon sa pou jounen jodia...

Sentespri a ki eklere tout bagay pou moun ki resevwa li. Lè nou wè nan bib la yon gwo goumen ant Jakòb ak Zanj lan ki an reyalite se te pwòp Senyè Jezi, li pat kite l ale si li pat beni li. Jakòb te gen fanmi, richès e tout sa li te bezwen pou l te ka viv alèz Kidonk, ki benediksyon li tap pale a? Li te vle resevwa transfòmasyon fèt lè moun nan resevwa lespri Bondye a. Se te pou sa li te goumen epi li te jwenn sa li tap chache a. Donk, sa ki te vini sou li se sa:

Lespri Bondye a pral desann sou li. L’ap ba li bon konprann ak lespri. L’ap ba li konesans ak ladrès pou l’ dirije. L’ap fè l’ konn Seyè a, l’ap fè l’ gen krentif pou li. Ezayi 11:2

Se pou rezon sa a, Lespri Bondye a pap vini paske ou vle oswa paske ou bezwen, men bezwen yon batay byen mare, renonse ego, volonte nou yo, tout sa nou ye a, tout sa nou swete ye a pou n resevwa li. Anplis de sa, ou pap resevwa li paske atravè entelijans ou oswa kapasite ou, men, ou ap resevwa sa ki pi gwo nan men Senyè a, lè ou ba li 100% lavi ou. Ou bay tout bagay, ou ap resevwa tout bagay.

Gade videyo ki anlè a afenke ou ka resevwa plis konpreyansyon osijè sa…

imagem do author
Contributeurs

Evèk Edir Macedo