thumb do blog Evèk Edir Macedo
thumb do blog Evèk Edir Macedo

LESPRI OFRANN BONDYE TE FÈ A (JEZI) FÈ NOU TOUNEN PWÒP OFRANN

Gade meditasyon sa pou jounen jodia...

Se yon netwayaj nèt David te vle lè li deklare vesè sa:

Wete peche m’ lan avèk yon branch izòp, konsa m’a nan kondisyon pou m’ fè sèvis pou ou. Lave m’, m’a pi blan pase koton. Fè m’ tande pawòl ki pou fè kè m’ kontan an, pawòl ki pou fè m’ chante a. Wi, ou te kraze tout zo nan kò m’, men w’a fè kè m’ kontan ankò. Sòm 51:7-8

Li te konnen ke yo te konn itilize branch izòp pou wouze dlo oswa san nan tabenak la, nan Tanp lan oswa nan nenpòt bagay yo te vle konsakre pou yo vin pwòp devan je Bondye. Se pou rezon sa a, li mande Bondye fè sa pou l te ka vini netwaye. Anplis de sa, tèlman li te santi li mal akòz peche li pat konfese ke li deklare kòm si tout zo ki nan kò li kraze, li evidan ke se pa fizikman, men sa se yon doulè nan nanm nan, paske si yon moun pat viv ak kè poze avèk Bondye, li pa viv ak kè poze avèk konsyans li.

Donk, si ou santi tankou David akòz yon peche men ou sense, ou reyèlman vle chape anba tèt chaje sa, manifeste lafwa ou nan Senyè Jezi, konfese tout peche ou yo, abandone yo epi se pou ou resevwa li pou ou tounen vini pitit Bondye. Konsa, ou a gendwa ak lavi ki pap jan fini an.

Li vin nan peyi l’; men tout moun nan peyi l’ pa t’ resevwa li. Men, sa ki te resevwa l’ yo, sa ki te kwè nan li yo, li ba yo pouvwa tounen pitit Bondye. Jan 1:11-12

 

Gade videyo ki anlè a pou nou aprann plis osijè sa…

imagem do author
Contributeurs

Evèk Edir Macedo