thumb do blog Evèk Edir Macedo
thumb do blog Evèk Edir Macedo

LESPRI MOND LAN x LESPRI BONDYE A

Gade meditasyon sa pou jounen jodia...

Lespri mond lan se lespri lezòm ki se yon bagay ki akonpanye nou depi vant manman. Li egoyis, li fè lezòm pa okipe lòt moun, yo panse sèl nan pwòp benefis pesonèl, menm si sa ap bay traka pou lòt yo. Lespri mond lan fè moun yo materialis epi, plis yo genyen, se plis yo kouri deyè pou yo ka reseva plis,  yo pa panse sa yo genyen deja ase. Se pou rezon sa a, nou wè kantite moun ki gen kont menm avèk moun fanmi yo.

Pran nenpòt moun: Kilès ki ka konnen sa ki nan kè li? Se lespri ki nan li a sèlman ki ka konn sa. Konsa tou, sèl Lespri Bondye konnen tout bagay ki nan Bondye. Se pa lespri k’ap travay nan moun k’ap viv dapre lide ki nan lemonn lan nou te resevwa. Lespri nou resevwa a, se Lespri Bondye te voye ban nou an pou n’ te ka konnen tout favè Bondye te fè nou. 1 Korent 2:11-12

Sepandan, lè yon moun resevwa batèm nan Sentespri a, li resevwa lide Bondye pou li viv dapre prensip pawòl Bondye a. Tout sa li fè oswa sa li vle fè se pou temwaye ak glorifye Bondye yo ap sèvi. Se pwòp Bondye ki enspire moun ki resevwa Lespri Senyè a pou fè sa ki dwat ak sa ki soti nan lide Bondye. Sa a posib sèlman atravè yon nouvo nesans, sa vle di, lè moun ki vle resevwa Lespri Bondye a renonse tout mond lan ak tout lavi li pou l resevwa Sentespri a.

Gade videyo ki anlè a pou ou resevwa limyè nan tèt ou osijè sa…

imagem do author
Contributeurs

Evèk Edir Macedo