LÈ TOUT BAGAY PÈDI ENPÒTANS
Kèk bagay sou tranbleman de tè an Ayiti...
Gen yon refleksyon ke nou dwe fè pa rapò ak sa ki te pase nan peyi Dayiti Samdi 14 Daout la.
Nan Samdi ki sot pase a, te gen yon gwo tranbleman tè nan yon vil Ayisyèn avèk 7.2 de mayitid. Sa te pi gwo pase lòt ki te frape Potòprens nan ane 2010 kote li kraze lavil la nèt.
Dapre pastè legliz Universal ki fè travay nan peyi a, rejiyon afekte soufri dega anpil kote ke plizyè moun pèdi lavi yo, men Gras a Dye, manm legliz yo pa soufri anyen.
Selon Pastè a, plizyè moun, nan moman dezespwa, abandone kay yo preske toutouni, gen lòt ki kite tout bagay pa deyè epi yo soti kouri san anyen, nan lòt sans, yo pa okipe anyen ki nan kay la, yo panse sèlman sove lavi yo. Yo pa panse nan pote lajan, bijou, kèlkeswa bagay yo te konsidere bagay ki gen valè anvan sitiyasyon sa, yo kite tout bagay pa deyè pou yon sèl rezon: Delivre tèt yo.
Sa fè nou sonje sa ki ekri nan bib la:
Paske, moun ki ta vle sove lavi l’ va pèdi li. Men, moun ki va pèdi lavi l’ poutèt mwen, li va jwenn li ankò. Kisa sa ta sèvi yon moun pou l’ ta genyen lemonn antye si l’ pèdi lavi li? Kisa yon moun kapab bay pou l’ gen lavi? Matye 16:25-26
Moun yo te lage tout bagay kòm si yo pat gen valè, sèlman pou yo te ka sove lavi yo. Sepandan, nou konnen ke nan yon fason oswa nan lòt, yon jou, lavi sa ap rive nan lafen. Se kounye a la ke m poze yon kesyon: kisa nou dispoze fè pou nou rive nan lavi ki pap jan fini an? Kisa nou dispoze fè pou nou vin resevwa Batèm nan Sentespri a?
An reyalite, anpil moun poko resevwa batèm nan Sentespri a paske yo atache lavi yo a kèk bagay oswa a kèk moun, sa vle di, yo pa dispoze abandone tout bagay pou sa ki la pou toutan.
Jèn Danyèl sa se yon opòtinite pou moun ki vle resevwa Lespri Kris la, Lide Senyè a, sa se yon gwo opòtinite pou moun kite pa deyè tout sa ki anpeche yo resevwa pi gwo Kado Bondye kapab bay la, ki se Batèm nan Sentespri a, sove lavi yo epi resevwa lavi ki pap janm fini an!
Angle
Pòtigè
Panyòl
Franse
Italyen
Ris