Lè ou gen krentif pou Bondye, se lè sa a ou konmanse gen bon konprann. Kiyès ki gen krentif?
Gade meditasyon sa pou jounen jodi a...
« 2 Moun ki mache dwat, se yo ki gen krentif pou Seyè a. Men, moun k’ap mache kwochi pa pran Bondye pou anyen. » (Pwovèb 14:2)
« 29 Nou pa bezwen mande kisa ki va rive yon moun k’ap meprize Pitit Bondye a, yon moun ki pran san Pitit Bondye a pou anyen, san ki sèvi pou siyen kontra Bondye a, san ki mete nou nan kondisyon pou fè sèvis Bondye a, san ki mete nou apa pou Bondye a. Wi, nou pa bezwen mande kisa ki va rive yon moun k’ap joure Lespri Bondye ki ban nou favè li a. Nou tou konnen li merite yon pi gwo chatiman. 30 Nou menm, nou konnen moun ki te di: Se mwen menm sèl ki gen dwa tire revanj, se mwen menm sèl ki va bay moun sa yo merite. Se li menm tou ki te di: Bondye gen pou l’ jije pèp li a. 31 Aaa! Se yon bagay terib wi, pou yon moun tonbe anba men Bondye vivan an! » (Ebre 10:29-31)
« 5 W’ap ba yo lòd sa a, pou yo ka rive gen renmen ki soti nan yon kè ki nan kondisyon pou sèvi Bondye, nan yon konsyans trankil ak yon konfyans sensè nan Bondye. » (I Timote 1:5)
« 19 Kenbe konfyans ou fèm nan Bondye ak konsyans ou an repo. Gen moun ki refize koute konsyans yo. Se konsa yo pèdi konfyans yo. 20 Nan yo gen Imene ak Aleksann. Mwen lage tou de nan men Satan pou yo aprann pa pale mal sou Bondye. » (I Timote 1:19-20)