Lè ou antre nan Wayòm BonDye a ou ka wè ki jan terib wayòm mond lan ye
Gade meditasyon sa pou jounen jodi a...
« 23 Apre sa, Jezi gade disip li yo ki te bò kote l’ la, li di yo: – Sa ap difisil nèt pou moun rich antre nan Peyi kote Bondye Wa a. 24 Disip li yo te sezi anpil lè yo tande pawòl sa a. Men Jezi di yo konsa: – Mezanmi, sa ap difisil nèt pou moun antre nan peyi kote Bondye Wa a. » (Mak 10:23-24)
« 16 Se konsa mwen kalkile anpil pou m’ konprann bagay sa a. Men, se pa t’ bagay fasil menm pou mwen, 17 jouk lè mwen te al antre lakay ou, pou m’ wè jan mechan yo gen pou yo fini. » (Sòm 73:16-17)
« 33 Pito nou chache bay bagay peyi Wa ki nan syèl la premye plas nan lavi nou, chache viv jan Bondye vle l’ la anvan. Lè sa a, Bondye va ban nou tout lòt bagay sa yo tou. 34 Se sa ki fè, pa chaje tèt nou pou denmen, paske denmen va gen zafè pa li. Chak jou gen kont chay pa yo. » (Matye 6:33-34)