LÈ N'A BATI YON KAY NÈF, N'A METE BALISTRAD
Bondye pran swen nou nan yon fason estraodinè...
Lè n’ap bati yon kay nèf, n’a mete balistrad pou moun pa sot tonbe sou teras twati a. Konsa yo p’ap ka rann nou reskonsab si yon m. Lè n’ap bati yon kay nèf, n’a mete balistrad pou moun pa sot tonbe sou teras twati a. Konsa yo p’ap ka rann nou reskonsab si yon moun ta rive tonbe epi li mouri lakay nou.oun ta rive tonbe epi li mouri lakay nou.
Detewonom 22:8
Senyè a te bay pèp Izrayèl la lòd sou enpòtans mete balistrad nan yon kay afenke piyès moun pat tonbe sou teras twati a e pa konsèkans yo ta ka rann mèt kay la responsab sou sa.
Bondye gen yon gwo swen pou nou tout, se sa ki fè li gade chak detay pou byen nou tou.
Yon atitid tre komen pami moun ki tonbe nan lafwa se rann yon lòt kòm responsab pou yo te tonbe espirityèlman: Yo pran Legliz (kay la) oswa moun yo kòm koupab nan yo tonbe ak jan yo mal devan Bondye.
Men, si espirityèlman, nou mete balistrad la, sa vle di, mete limit pa nou yo, n ap konnen kote nou ka mete pye nou pou nou pa tonbe.
Balistrad la, se kòm si nou te ka di ou, se krentif pou Senyè a, pou pawòl li ki se nan kote nou ka jwenn anseyeman sou sa, afenke nou ka konnen jiska ki bò nou ka ale avèk atitid nou yo, reyaksyon nou yo, paske si nou depase limit sa yo, li setèn nou tonbe nan lafwa kòm rezilta.
Se pou nou mete Balistrad nan kay nou e kite okipe sou sa ki pou lòt moun.
Angle
Pòtigè
Panyòl
Franse
Italyen
Ris