LAVI WA MANASE A MÈT MENM JAN AK LAVI OU MENNEN AN...
Gade meditasyon sa pou jounen jodia...
Nan liv 2 Kwonik (2 Istwa) chapit 33 nou gen yon istwa ki pale sou wa ki te nan pouvwa peyi Jida plis pase tout moun. Sa enteresa, paske lè nou konnen li se moun ki rete anpil tan nan pouvwa, petèt li gen yon sekrè ki fè li rete la anpil tan konsa epi fòk nou dekouvri sa. Kiyès li ye? Kisa li te fè? Poukisa li te anpil tan nan pouvwa? Se egzakteman sa nou pral dekouvri nan meditasyon sa a…
Manase te gen douzan lè li moute wa peyi Jida. Li gouvènen nan lavil Jerizalèm pandan senkannsenkan. 2 Kwonik 33:1
Angle
Pòtigè
Panyòl
Franse
Italyen
Ris