Lapriyè Notre Père...
Gade meditasyon sa pou jounen jodi a...
LAPRIYÈ NOTRE PÈRE
1- NOU MANDE POU YO TOUJOU RESPEKTE NON OU.
2- VIN TABLI GOUVÈNMAN OU
3- SE POU YO FÈ VOLONTE OU SOU LATÈ, TANKOU YO FÈ L’ NAN SYÈL LA
Matye 6:8-10
« 8 Piga nou fè tankou moun sa yo. Paske, Papa nou tou konnen sa nou bezwen anvan menm nou mande li.
9 Men ki jan pou nou lapriyè: Papa nou ki nan syèl la, Nou mande pou yo toujou respekte non ou.
10 vin tabli gouvènman ou, pou yo fè volonte ou sou latè, tankou yo fè l’ nan syèl la. »
Matye 16:17-18
« 17 Lè sa a, Jezi di li: Ou wè ou menm, Simon, pitit Jan an, ou se yon nonm Bondye beni. Paske, se pa moun ki fè ou konn verite sa a. Men, se Papa m’ ki nan syèl la ki fè sa pou ou.
18 Mwen menm, men sa m’ap di ou: Ou se yon wòch, Pyè. Se sou wòch sa a m’ap bati legliz mwen. Ata lanmò p’ap kapab fè l’ anyen. »
Jan 17:20-21
« 20 Se pa pou yo sèlman m’ap lapriyè, men pou tout moun ki va mete konfyans yo nan mwen lè y’a tande mesaj la.
21 M’ap lapriyè pou yo tout fè yon sèl. Papa, se pou yo tout fè yonn ansanm ak nou, menm jan ou menm ou nan mwen, mwen menm mwen nan ou. Se pou yo tout fè yon sèl pou moun ki nan lemonn yo ka kwè se ou ki te voye mwen. »
Angle
Pòtigè
Panyòl
Franse
Italyen
Ris