thumb do blog Evèk Edir Macedo
thumb do blog Evèk Edir Macedo

LANMOU KI SOTI NAN YON KONSYANS PWÒP AK FÈM KONFYANS

Gade meditasyon sa pou jounen jodia...

Ann gade sa:

W’ap ba yo lòd sa a, pou yo ka rive gen renmen ki soti nan yon kè ki nan kondisyon pou sèvi Bondye, nan yon konsyans trankil ak yon konfyans sensè nan Bondye. 1 Timote 1:5

Apòt Pòl ban nou 3 bagay ki enpòtan pou nou rive jiska lafèn:

  1. Gen renmen ki soti nan yon kè netwaye, sa vle di, ki nan kondisyon pou sèvi Bondye
  2. Yon konsyans trankil, nan lòt mo, yon konsyans ki pa frape akòz peche
  3. Yon konfyans sènse ki se yon bagay ki soti nan bon jan lafwa Sinatirèl, nan lòt sans, yon lafwa ki fè nou obeyi komandman Bondye yo.

Pou ou gen sijè sa byen klè:

Kenbe konfyans ou fèm nan Bondye ak konsyans ou an repo. Gen moun ki refize koute konsyans yo. Se konsa yo pèdi konfyans yo. Nan yo gen Imene ak Aleksann. Mwen lage tou de nan men Satan pou yo aprann pa pale mal sou Bondye. 1 Timote 1:19-20

Si ou pa swiv konsèy sa yo, ou se yon kandida a pèdi delivrans ou nan Senyè a tankou Imene ak Aleksann ki lage akòz yon konsyans sal ak yon konfyans ki pa fèm nan Bondye.

ANN GADE VIDEYO KI ANLÈ A POU OU KA APRANN PLIS OSIJÈ SA…

imagem do author
Contributeurs

Evèk Edir Macedo