thumb do blog Evèk Edir Macedo
thumb do blog Evèk Edir Macedo

LAJWA DEPANN SOU LAFWA AK LANMOU SAKRIFISYÈL

Gade meditasyon sa pou jounen jodia...

Lanmou e lafwa dapre prensip lemonn se yon bagay ki soti nan kè, yo se yon fò santiman ki kondi lavi moun yo, yo se bagay ki pa egzije anyen, yo fè moun pran desizyon ki pi fasil oswa chemen ki pi fasil. Kidonk, nou konnen byen ki kote kalite bagay ki fasil yo mennen lavi moun ki viv dapre prensip sa yo. Donk, yo pa itil anyen si ou vle reyisi nan tout aspè lavi ou yo, paske vre lanmou ak lafwa dapre prensip pawòl Bondye a.

Paske, Bondye sitèlman renmen lèzòm li bay sèl Pitit li a pou yo. Tout moun ki va mete konfyans yo nan li p’ap pedi lavi yo. Okontrè y’a gen lavi ki p’ap janm fini an. Jan 3:16

Nan lanmou Bondye nou ka wè ke li te sakrifye sa li te genyen ki pi presye ki se sèl Pitit li a, li te fè sa pou kite ban nou bon jan egzanp nan sa nou dwe fè si nou renmen, nan lòt sans, fè sakrifis. Menm bagay la tou se nan lafwa, ou renonse tèt ou pou ou absòbe tout volonte Bondye ki egzije sakrifis.

Ann antre pi fon nan sijè a atravè videyo ki anlè a…

imagem do author
Contributeurs

Evèk Edir Macedo